Konpa

Djakout #1 – Mwen Mouri ( Audio + Lyrics )

This is music actually, such a serene tune, very pleasant to the ears. The vocal flows like water. One of the most beautiful song of the ” LOD NAN DEZOD ” album, se yon music w’ap tande, wap retande, e w pap fini tande… Steeve Khe vrèman chante ak pasyon, ou ka santi li mete tout nanm li lè l’ap chante… Si w ponko achte album nan, ebyen, sa se yonn nan rezon pou w achte li.
BUY ALBUM LINK: ~~>>> www.amazon.com/dp/B00N4MMKQI/ref…8058080_TE_M1T1DP

[soundcloud url=”https://api.soundcloud.com/tracks/166315281″ params=”color=00fff8&auto_play=true&hide_related=false&show_comments=true&show_user=true&show_reposts=false” width=”100%” height=”166″ iframe=”true” /]

MWEN MOURI

Music & Lyrics: Reginald Bastien (Ti Regi)
Arrangements: Reginald Bastien, Edzer Charlemagne (Ti Pouch), Sanders Solon
Vocals: Steeve Khe

Mwen mouri lè’m wè devan lakay
Yon machin nan pakin mwen.
Mwen mouri lè’m wè devan pòt chanm
Yon soulye sou tapi mwen.

M’te toujou kont krim pasyonèl.
Akoz de ou mwen vle pèdi la rezon.

Èske se la fin du monde?

M’te toujou wè lavi a bèl.
Akoz de ou mwen vle fè vi’m nan prizon.

Mwen mouri lè’m wè sou kabann
Misye avek madanm mwen.
Mwen mouri se premye fwa nan vi’m
Mwen vle pèdi san fwa mwen.

M’te toujou kont krim pasyonèl.
Akoz de ou mwen vle pèdi la rezon.

Èske se la fin du monde?

M’te toujou wè lavi a bèl.
Akoz de ou mwen vle fè vi’m nan prizon.

Oh non non nonnnn!

Aprè tout sa’m fè se pa sa m merite!

Non non non!

Aprè tout sa’m fè se pa sa m merite!

Se pa sa m merite non!

♫ ♪Se pa ti kou nan do!
Se pa ti kout kouto!♪ ♫
(Repeat)

Ou konnen mwen pa konpliké!
Et m’toujou ba’w la verité!
Ou konnen mwen pa konn bay kou!
Et mwen rete fidèl a ou!

Yo fè’m mechansté love!

Moun yo ka fè m mechanste
Yo volè sam posedé!
Oh Bondyé nan syèl la!
Gon Bondyé!

Men gon Bondyé vre!

Moun yo ka fè m mechanste
Yo volè sam posedé!
Oh Bondyé nan syèl la!
Gon Bondyé!

Ou konnen mwen konn fè romans!
Et m’toujou bay ou enpòtans!
Ou konnen mwen pa posesif!
Et ou konnen m’gen objectif!

Yo fè’m mechansté love!

Moun yo ka fè m mechanste
Yo volè sam posedé!
Oh Bondyé nan syèl la!
Gon Bondyé!

♫ ♪Se pa ti kou nan do!
Se pa ti kout kouto!♪ ♫
(Repeat)

Gadon doulè mezanmi
Ki depase tout maladi!
Li menm pi fò pase lanmò!
Li menm pi rèd pase lanfè!

Bondyé papa m padone’l
Si’l pa konnen kisa l’ap fè.
Tanpri retiré’l nan fè nwè!
Tanpri mennen’l anba vant mwen!

Yon sèl bagay m’konnen!

Deyò a pa fasil!
Deyò a pa fasil!
Deyò a pa fasil!

Li pa fasil! Oh non!

Deyò a pa fasil!
Deyò a pa fasil!
Deyò a pa fasil!

Gadon doulè mezanmi
Ki depase tout maladi!
Li menm pi fò pase lanmò!
Li menm pi rèd pase lanfè!

Bondyé papa m padone’l
Si’l pa konnen kisa l’ap fè.
Tanpri retiré’l nan fè nwè!
Tanpri mennen’l anba vant mwen!

Yon sèl bagay m’konnen!

Deyò a pa fasil!
Deyò a pa fasil!
Deyò a pa fasil!

Li pa fasil! Oh non!

bon bagay

STEEVE KHE 1

STEEVE KHE

djakout

10 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top