Konpa

Carimi – Baby I miss you (Video Ofisyèl)

Carimi – Baby I miss you, Nouvo video, pandan ke o kòmansman video an w’ap mande sa k’ap pase konsa, men nan finisman ou reyalize video an se yon BIS de video R-KELLY avèk USHER Fe an ki rele “SAME GIRL”. Pou moun ki pa wè video “SAME GRIL” lan, w’ap panse Carimi fè gòl, paske se yon superbe video, men apre ou wè video “SAME GIRL” lan w’ap wè istwa ki nan video “Baby I miss you” an, se yon gòl ak men.

[su_youtube url=”http://youtu.be/MGckWrWFAQI” autoplay=”yes”]

CARIMI – Baby I miss you
Carimi ki se yonn nan meyè group mizikal Haitien posede, nan video sa li pa mete’l kòm meyè. Nou atann pou yon ti djaz kopye yon ide ki te deja la, men lè se Carimi ki fè’l sa montre ke endistri mizik Haitien an poko pre pou konpare ak lòt jan de endistri mizik. Si se Carimi ki te premye vini ak ide sa, tout moun ta dwe ap bat gro bravo pou yo.

Si nou gade nan video KITANAGO an, video an pote plis konfizyon ke li pote eklèsiman. Si ou antre nan Album INVASION, ou pran 3 tit mizik sa yo Kitanago, ill Nana, Chikiboom, pou ou menm Carimi ap pale yon lòt lang. E se yonn nan rezon ki fè anpil fanatik pa ka di’w se ki sa mizik sa yo sinyifi. Chak moun panse yo sinyifi yon bagay diferan, e sa pote anpil konfizyon.

Carimi te ka pote yon ide ki gen plis originalite nan video an. Pandan se yon bèl sipriz nan fen video an, men akoz ide sa se nan yon lòt video yo pran’l sa desi anpil fanatik. BABY I MISS YOU se yon senp fraz, e yo te ka vini avèk pwòp ide pa yo la dan.

baby-imissyou

Ou menm ki poko wè video SAME GIRL gade li a
[su_youtube url=”http://youtu.be/NFnKgIptbq0″ autoplay=”no”]

5 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top