Konpa

Djakout #1 tanporèman pa ka antre aux Etas Unis (USA)

FLODIDA – Djakout #1 ki te gen pou li te pèfòme nan Sud Floride Weekend sa pa ka vin jwe. Te gen yon gro bal ki te gen pou fèt nan Miami, kote Gabel, Klass ak Djakout #1 te gen pou te jwe ebyen pwomotè ki t’ap fè bal sa te oblije retire’l kote li te gen pou li te fèt lan al mete li nan yon lòt club ki pran mwens moun kote w’ap jwenn sèlman Gabel ak Klass k’ap pèfòme. Yon lòt fwa moun Miami poko ka jwenn Klass VS Djakout #1 ki se yon bal anpil moun ap tann nan vil la.

GADE VIDEO SA: Harmonik – Illegal (Video Ofisyèl)

Rezon ki fè Djakout #1 pa ka antre nan USA, se paske yo gen yon ti pwoblèm viza. Djakout se yonn nan djaz ki genyen manb ladan k’ap viv nan diferan peyi. Ou gen Ti Regi k’ap viv Miami, Pouchon Canada, Roro, Shabba, Mamane etc ap viv an Haiti. Ebyen mesye k’ap viv an Haiti yo pa jwenn Viza. Se pa sèl Djakout #1 ki te gen pou yo te vin jwe aux Etas Unis ki te oblije anile pwogram nan, ou jwenn Kdans ki genyen menm pwoblèm nan tou.

Men kèk rezon ki bay mesye yo reta pou jwenn Viza, akoz de kanaval la, plis manifestasyon k’ap fèt toutan nan Port-au-Prince anbasad Ameriken pa te ouvè, mesye sa yo pa ka jwenn viza pou yo vin jwe.

TANDE MIZIK SA Alexandra Pierre – Ayiti : une chanson pour Haïti

Si ou Miami ou te gen tan achte tikè pou yon pwogram ki gen Djakout #1 ladan li bon pou ou rele nimero ki sou Flyer, banner oubyen prospectus lan pou ou ka konnen ki sa pwomotè sa ap fè. Pa rete chita gade paske lajan ki antre nan men yon pwomotè Haitien, pa soti. W’ap plis jwenn yo di’w kenbe tikè sa pou yon lòt pwogram. E yo p’ap ba ou chwa pou ou pran lajan ou.

Djakout1

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top