Konpa

Kenny ak Reginal lage zenglen nan kouri tou le 2 absan pan dan djaz la gen pou li te pèfòme

Yon lòt fwa Zenglen trouve’l nan menm pozisyon kote atis leve kite. Apre tout bèl travay sa mesye yo te fè pou yo te mete yon bèl pwodwi tankou REZILTA deyò ebyen sa pa anpeche Zenglen tounen nan menm tou li te ye an. Se ki sa fiti ap pote pou djaz sa?

GADE KANAVAL LA EN DIRECT

LI ATIK SA TOU: Nòt de près ZENGLEN sou afè atis ki kite djaz la

Kenny Desmangles ki se yonn nan mizisyen ki te toujou rete fidèl a Zenglen e sèt fwa si, li plis sanble Kenny bay jete an. Zenglen ki te gen pou li te pèfòme nan yon fèt prive Samedi swa, ebyen tou le 2 chantè yo Kenny ak Reginal pa te prezan. Daprè yon source, Reginal Cange desann an Haiti san ke li pa te fè djaz la konnen ke li pa t’ap lan, men sonje byen Reginal se Maetro Zenglen.

Kenny Desmangles menm, te fè djaz la konnen ke li pa te santi li byen, e li pa te kap vin pèfòme. Men li te ale nan yon lòt sware al pwomote nouvo album li an “Full Sèvis”.

LI ATIK SA TOU: Yon Haitien Dominken mare 2 men li dèyè do li y’ap maltrete [VIDEO]

Pou Zenglen te ka sove sware an, li te oblije fè apèl a Klemay. Malgre atis lan pa te repete men li te fè sa pou li fè an, se sove bout sware an. Daprè yon source, se Klemay ansanm avèk Frero ki gen pou vin ranplase Kenny ak Reginal. Zenglen poko fè sa ofisyèl. Rete branche pou plis enfòmasyon.

Reginal-kenny

2 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top