Konpa

Mac D ” Bouke ak Harmonik ” 19 jiyè li ka kite djaz la

MIAMI, FLORIDA – Apre yon si bèl album ke Harmonik fin lage, djaz la rive nan yon pozisyon kote li gen anpil chans a pèdi yonn nan pi gwo star ke djaz la posede. Sa gen lontan depi Harmonik ap pwodwi bèl album san ke li pa janm vrèman pran yon gwo elan. Ke se nan tèm jwe anpil bal, oubyen vann anpil CD, djaz la ponko vrèman fè yon gwo siksè. Depi apre Harmonik te soti premye album li, kote tout medam yo te fou pou djaz la, kote anpil moun te gentan ap konpare djaz la ak Carimi, kote si yon nèg te anvi jwenn yon bèl dam pou li danse, se nan Harmonik li t’ap trouve l, Harmonik pa vrèman fè yon pa an avan men se plis back yo fè. An reyalite, Harmonik pèdi anpil fanatik ki te konn ap mache avèk yo.

mac d

Daprè sa lead singer, Mac D fè konprann, l’ap kite Harmonik le 19 Jiyè 2014. Djaz la gen yon Bal ke li gen pou jwe nan dat sa, apre dat sa, li pap nan Haromnik ankò. Li ba djaz la plis ke yon mwa pou yon jwenn yon lòt moun pou ranplase l.

Men non kèk bèl mizik ke Mac D Chante nan Harmonik: Obsede, Dieferan, Illegal, Mwen bouke, Di m sa w vle, I heart you, etc…

14 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top