Konpa

Yon pwomotè ak tout staff li ronfle ALAN CAVE anba kou pou yon diskisyon lajan

ATLANTA, GA – Nan yon bal ki t’ap fèt Atlanta kote te gen Alan Cave avèk T-Vice ki te pèfòme, ebyen lè Alan Cave te fin jwe li t’al mande pwomotè an ki se Carlito rès lajan li te dwe li. Carlito te fè li konprann li okipe tann li. Nan diskisyon Alan te arive pouse Carlito e li te pouse Alan tou ki te arive tonbe paske Alan parèt ke li te sou.

LI ATIK SA TOU: OLivier Martelly bay repons li sou afè pitit li pa pou li e li pral divòse

Alan te retounen al mande misye rès lajan li ankò lè bal la vin fini, e li te bezwen pou Carlito fè’l eskiz paske li te pouse li e li te tonbe. Alan ki pa te fin renmen jan misye trete li an, li di ke li rayi jwe pou “Niggers’ kon sa, “Niggers” ki vle di Nèg an kreyòl, e ki se yon tèm anpil jèn gason nwa itilize nan Etazini, e byen si Alan pa vle di ankenn bay mal de sa. Ebyen Carlito pa te renmen paske ALan rele li “nigger”, e li di Alan li ba li defi pou li vin rele li “Nigger” nan figil, daprè moun ki te la Alan aproche misye e li redi’l. Misye pase Alan yon kalòt. Apre sa tout bagay gate, pitit Calito ak tout staff Calito plonje sou ALan, daprè moun ki te la se pa de kou Alan Cave pran anba men mesye sa yo. Alan blese e li oblije al lopital

LI ATIK SA TOU: Gason Ayisyen pami gason ki gen pi gwo ( pénis ) nan mond lan

Daprè moun ki te nan la, bal la te fè anpil moun, alò Carlito pa gen pou li pa te peye Atis tout swit. Moun nan zòn nan fè konnen ke Carlito gen defo sa menm, sou afè pa vle peye Djaz, Atis yo lajan yo lè yo fin jwe.

Sa ki di la se moun ki te la ki fè konnen sa ki pase, men ni Carlito, ni Alan po ko bay ankenn deklarasyon yo sou dosye sa a.

alan-cave

3 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top