Konpa

Princess Georgy deklare ke yon mizisyen nan ZIN te kòmanse ap kouche’l depi lè li te gen 15 zan nan yon entèvyou

Aprè bal ZIN/FANTOM 4 avril nan New York ki te fèt nan club Amazura kote Richard Urbain ki se pwomotè ki t’ap òganize bal sa a te fè apèl avèk Georgy Metellus pou li te vin patisipe nan gran evènman sa a. Georgy te mande Richard Urbain $5000 US pou li te kapab vini pèfòme nan program lan, Richard Urbain pa te dakò, Princess Georgy fè konprann li te menm arive desann pri li te mande a jis ka $1500 men pwomotè bal lan pa te aksepte, li te vle ba’l sèlman $1000.

Daprè Georgy li te gen anpil media ki t’ap rele li, pou li te ka bay entèvyou, pou li te ka di piblik lan pou ki sa li te deside pa patisipe nan gro fèt sa, paske Georgy se yonn nan manb ZIN ki te la depi o kòmansman. Ebyen Georgy pa te vle di anyen. Apre bal la te fin fèt, Alan Cave te di yon bagay ki pa te fè Georgy byen. Ebyen li te aksepte bay KOMPAMAGAZINE yon entèvyou. nan entèvyou sa anpil bagay di. Georgy te menm arive devwale te gen mizisyen ZIN ki te pran avantaj de li lè li te gen sèlman 15 ans.

Maestro ZIN an bay dat Princess Georgy fèt ak ane li antre nan ZIN li te gen plis ke 15 ans

Men tout bagay gate apre Alan te pale ak Kompamagazine nan, e te fè yon konnen ke “Princess Georgy need to wake up to smell the coffee and she needs a reality check” ki vle di Princess Georgy bezwen reveye nan rèv li ye an, e li bezwen antre nan reyalite ak tèt li. Ebyen Princess Georgy te fè konprann ke li pa vle ankenn moun itilize li ankò, e se yonn nan rezon ki fè li pa te la nan bal sa a.

Georgy te arive sitèlman vin emosyonèl li menm te arive kriye. Li fè konnen ke mesye yo se kraze yo vle kraze’l si tou Alex Abellard, li vle detwi lavi’l. Princess Georgy di Alex ta dwe fè yon ti mwayen pou li ede’l pou sa li te arive fè’l lè li te gen sèlman 15 zan, men jounen jodi-a pou’l wè se Alex Abellard kap fè tripotaj sou li tout kote Alex Abellard pase l’ap di tout pwomotè pou yo pa pran kontak avèk Georgy paské Georgy pa kanpé sou anyen.

Koute ENTEVYOU Princess Georgy te bay KOMPAMAGAZINE

[soundcloud url=”https://api.soundcloud.com/tracks/199863485″ params=”color=ff5500&inverse=false&auto_play=false&show_user=true” width=”100%” height=”20″ iframe=”true” /]

Haiti: Naufrage d’un petit voilier ( 18 MORTS )

Yonn nan bagay ki pa chita byen nan entèvyou an, Chak fwa Georgy rive pou li pale de abi seksyèl li te trouve anba men Alex, moun ki t’ap pran entèvyou an entèronp li. Nan kominote Haitienne nan, sa pa fèt souvan pou paran lage pitit fi li ki gen sèlman 15 zan al pèfòme nan yon djaz. Alex Abellard ki te deja yon majè e Princess Georgy te ka ti sè’l, si li t’arive fè sa pou li te abize yon jèn fi 15 zan kote paran’l te fè mesye sa yo konfyans sa ta va mal anpil.

Pandan ke se yon bagay ki deja pase tout moun ap fè vi yo, men li t’ap bon pou Alex Abellard vin bay vèsyon pa’l sou sa Georgy di li te fè’l lan, lè li te gen sèlman 15 ans.

princess-georgy

15 Comments

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top