Konpa

Maestro ZIN an bay dat Princess Georgy fèt ak ane li antre nan ZIN li te gen plis ke 15 ans

Alex Abellard ki se maestro ZIN, e se li menm Princess Georgy akize’l lan, te oblije vini ak dat de diferan evènman ki te pase nan djaz lan pou li ka pwouve ke Georgy konplètman ap bay manti sou li. E ou menm tou w’ap ka arive konprann sa Maetro an di nan entèvyou sa li te bay KOMPAMAGAZINE.COM kote li konplètman pwouve ke Georgy pa te gen 15 ans lè li te antre nan ZIN.

Li kòmanse pa di lè yon moun akize’w de pedofil, zokiki sa se yon pakèt bagay, li di si tou lè ou konnen ki sa ou te reprezante pou moun sa. Maestro Alex te arive itilize yon strateji ki parèt trè efikas pou li te ka pwouve sa Princess Georgy akize’l de li an, se ji yon mansonj total kapital. Li te Itilize yon apwòch de dat. Alex fè konnen ke nan paspò Georgy li kwè ke li fèt le 14 Juillet 1971, men li pa konnen si li gen lòt dosye.

Princess Georgy deklare ke yon mizisyen nan ZIN te kòmanse ap kouche’l depi lè li te gen 15 zan nan yon entèvyou

Maestro an di, Georgy te vini nan ZIN 1989, e se Keno ki te mennen’l e premye mizik Georgy te patisipe ladan se te nan “VINI”, e sa te fèt nan ane 1989. Li di ke Georgy vin bon jan nan ZIN se an 1990, kote li te chante “HAITI” nan plak sa, e li fè konnen yo pa te ko alèz tròp pou te gen jan de relasyon sa ke Georgy dekri an. “OPA” te vin soti nan ane 1991. Si nou vle kalkile laj Georgy 71 a 89 sa te deja fè’l 18 ans, si dat Alex Abellard bay yo, yo korèk ebyen Georgy antre nan ZIN a laj de 18 ans sa vle di li pa te menm konnen Princess Georgy lè li te gen 15 ans. Li fè konnen ke tout bagay an chif ka verifye.

Sou afè de vyolans lan, Maestro an di li se yonn nan nèg depi yon fi pare pou li fè vyolans premye moun ki pare pou rele polis se li menm, paske li pa renmen ti braslè polis yo renmen bay la, e gras a Dieu li poko janm pran li. Li di li toujou pare pou li rele 911 pou fi, paske li konnen nan bagay sa yo fi toujou gen rezon. Li di ke Georgy te gen yon manman ki te sevè anpil, kouman li t’ap fè antre nan yon kay pran pitit fi yo, pou li t’ap mennen’l nan bal a laj de 15 ans.

Pou Alex li panse pou ki rezon ki fè Princess Georgy lage gro dosye sa sou li. Li fè konnen ke fèt la byen pase, ZIN te byen depoze, MIA te byen depoze e tout bagay anfòm. Li pa di ke se jalouzi ki monte Georgy men de sa li di an ou ka arive panse sa.

KOUTE ENTEVYOU AN, ou ka kòmanse li sou 23:40
[soundcloud url=”https://api.soundcloud.com/tracks/200216688″ params=”color=ff5500&inverse=false&auto_play=false&show_user=true” width=”100%” height=”20″ iframe=”true” /]

Si ou vle aprann plis de entèvyou sa a, ou ka ale sou KOMPAMAGAZINE.COM

ENTEVYOU sa a anrejistre pa KOMPAMAGAZINE.COM

alex-abellard

Click to comment

Leave a Reply

Your email address will not be published. Required fields are marked *

Most Popular

To Top